Depi 1986, Enstiti Panos ap akonpanye kominote ayisyèn yo, pote vwa yo epi kontribye nan bati repons ki dirab pou gwo defi sosyo, sanitè ak imanitè peyi a. Karant ane pita, angajman nou rete pi djanm toujou, men vizyon nou ap kontinye evolye ak reyalite Ayiti yo.
Jou ki te 29 jen 1986 la te make konmansman yon avanti enstitisyonèl ki bati sou yon konviksyon ki senp : yon sosyete ki pi byen enfòme, pi byen koute epi ki pi enplike, pi byen prepare pou l aji pou pwòp devlopman pa l.
Avanse nan deseni yo, Enstiti Panos devlope yon ekspètiz yo rekonèt nan kominikasyon sosyal ak mobilizasyon kominotè. Experyans sa a te mennen nou ti pa ti pa pou nou elaji entèvansyon nou yo nan plizyè domèn ki esansyèl pou devlopman imen : lasante piblik, chanjman sosyal ak konpòtmantal, ekite sèks, dwa timoun, lanviwonman, chanjman klimatik ak aksyon imanitè.
Yon òganizasyon k ap evolye ak bezwen peyi a
Ayiti ap travèse jodi a yon peryòd ki make ak anpil defi : frajilite ekonomik, kriz sanitè, deplasman popilasyon, chanjman klimatik, ensekirite, difikilte pou jwenn sèvis de baz ak anpil fo enfòmasyon k ap sikile.
Fas ak reyalite sa yo, wòl nou pa ka limite sèlman nan transmèt mesaj.
Nou dwe koute tou, enfòme, mobilize, konekte popilasyon an ak sèvis ki disponib yo epi ranfòse kapasite kominote yo pou yo ka patisipe nan desizyon ki gen efè sou lavni yo.
Se vizyon sa a k ap gide jodi a evolisyon Enstiti Panos.
Eksperyans nou yo nan kanpay sansibilizasyon, prevansyon SIDA, sante kominotè, kolaborasyon ak medya yo, mekanism asistans ak oryantasyon ansanm ak kominikasyon pou chanjman sosyal sa yo montre volonte sa a pou nou pwoche enfòmasyon an, sèvis yo ak kominote yo ansanm.
Kominikasyon an kòm motè chanjman an
Depi nan konmansman l, Enstiti Panos pa konsidere kominikasyon an kòm yon senp aktivite pou fè wè, men kòm yon vrè zouti pou transfòmasyon sosyal.
Enfòme ka anpeche bagay rive.
Koute ka fè wè bezwen ki te kache jiska prezan.
Kòmanse yon dyalòg ka konbat prelije yo.
Mobilize yon kominote ka ede sove lavi moun.
Filozofi sa a ap kontinye gide pwogram ak patenarya nou yo.
Nou vle presiziman ranfòse itilizasyon medya yo, teknoloji dijital yo, platfòm kominotè yo ak zouti kominikasyon ki fasil pou itilize yo pou n ka pèmèt plis moun, san bliye moun ki pi vilnerab yo, jwenn enfòmasyon serye ak sèvis ki adapte ak bezwen yo.
Karant ane eksperyans, men sitou yon gade anvan sou lavni an
Fete karant ane egzistans pa vle di sèlman gade chemen nou deja fè a.
Se okazyon an tou pou n mande tèt nou : ki kalite Enstiti Panos nou vle bati pou deseni k ap vini yo ?
Nou vle yon òganizasyon ki pi pre kominote yo toujou.
Yon òganizasyon ki kapab pote inovasyon.
Yon òganizasyon k ap devlope patenarya ki solid ak enstitisyon piblik yo, òganizasyon nan sosyete sivil la, medya yo, pwofesyonèl lasante yo, aktè imanitè yo, jèn yo, fanm yo, òganizasyon kominotè yo ak patnè teknik ak finansye yo.
Nou vle tou pi byen dokimante enpak nou, pataje konesans nou pwodui sou teren an epi fè platfòm dijital nou yo tounen espas kote chak moun ka dekouvri, konprann ak patisipe nan aksyon nou yo.
Yon nouvo sit pou yon nouvo etap
Transfòmasyon prezans dijital nou an rantre nan dinamik sa a.
Nouvo sit entènèt nou an pa sèlman yon nouvo vitrin pou enstitisyon an. Li dwe vin ti pa ti pa yon espas pou enfòmasyon, resous, sansibilizasyon ak koneksyon ak pwogram nou yo ansanm ak kominote nou yo.
W ap kapab dekouvri sou li pwojè nou yo, kanpay nou yo, piblikasyon nou yo, resous nou yo, aktivite nou yo ak istwa moun sa yo k ap kontribye chak jou nan chanjman sou teren an.
Nouvo espas sa a ap pèmèt tou pi byen fè konnen rezilta nou jwenn ak patnè nou yo epi mete kontni ki itil nan men piblik la sou pwoblèm ki touche dirèkteman popilasyon ayisyèn nan.
Ansanm, an nou ranfòse kominote yo
Apre karant ane, gen yon konviksyon ki rete nan kè misyon nou : transfòmasyon ki pi dirab yo se sa ki bati ak kominote yo, pa sèlman pou yo.
Chak patenarya ki kreye, chak moun ki pi byen enfòme, chak oryantasyon ver yon sèvis, chak pwofesyonèl ki fòme, chak kanpay sansibilizasyon ak chak kominote ki mebilize reprezante yon kontribisyon nan vizyon sa a.
Enstiti Panos ap kontinye koute, enfòme, mobilize ak aji.
Ak menm detèminasyon ki t ap mennen l depi 1986 la.
Ak nouvo zouti.
Ak nouvo patenarya.
E sitou, ak konviksyon malgre defi yo, li toujou posib pou n bati yon lavni ki pi enkliji, ki pi fleksib epi ki pi solidè.
Ansanm, an nou ranfòse kominote yo.
Enstiti Panos — Ayiti
40 ane angajman, kominikasyon ak aksyon nan sèvis kominote yo.